Crossing South pou Ayiti

Anvan ou kite Etazini

Nòt sou Temporary Protected Status (TPS): Deziyasyon Temporary Protected Status (TPS) pou Ayiti a te fini an jiyè 2026. Si ou te gen TPS Ozetazini, opsyon imigrasyon ou apre depòtasyon depann de sikonstans pèsonèl ou. Pou jwenn enfòmasyon ki ajou, tcheke sit ofisyèl USCIS la oswa konsilte yon avoka imigrasyon.

1. Kontakte Konsila Ayisyen an

  • Si ou kapab, kontakte oswa ale nan konsila ayisyen ki pi pre ou a pou jwenn oubyen  renouvle paspò ayisyen ou, akdenesans ou / oubyen lòt dokiman idantite enpòtan anvan depòtasyon oubyen retou fòse.
  • Pou jwenn Anbasad oswa konsila ayisyen ki responsab pou zòn kote ou rete a, tcheke: Haitian Embassy – Consular Offices
  • Sit entènèt prensipal: Embassy of Haiti in the United States
  • Si ou pa gen yon paspò ayisyen ki valab epi dat pou w deplase a prè, mande konsila a si ou kalifye pou yon travel certificate (feuille de route) pou fasilite retou ou an Ayiti.
  • Pou enfòmasyon sou kondisyon pou jwenn yon paspò, tcheke: Haitian Passport Application

Enpòtan: Asistans Konsilè Ayisyen

Si ou bezwen asistans konsilè ijan anvan depòtasyon oswa retou fòse, ou ka kontakte Anbasad Ayiti oswa Konsila Ayisyen ki responsab pou eta kote ou rete a. Ofisyèl konsilè yo ka bay enfòmasyon oswa asistans konsènan dokiman idantite ayisyen ak lòt kesyon konsilè ijan.

Liy ijans Anbasad Ayiti:

+1 (240) 641-0359

+1 (240) 641-0361

Pou enfòmasyon sou kontak ijans Konsila Ayisyen yo Ozetazini, tcheke: Haitian Embassy – Emergency Contacts

Enpòtan: Asistans konsilè pa ranplase konsèy legal. Si ou gen kesyon sou dosye imigrasyon ou oswa yon lòd depòtasyon, konsilte yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan legal ki kalifye.

2. Dokiman Legal ak Dokiman Idantite

  • Pwokirasyon: Fè yon pwokirasyon (dwa siyati) epi bay yon moun ou fè konfyans Ozetazini pou moun sa a kapab jere afè finansye, pwopriyete, oswa lòt zafè legal pou ou apre ou fin kite peyi a. 
  • Dokiman imigrasyon: Konsilte yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan imigrasyon ki kalifye anvan ou siyen nenpòt dokiman otorite imigrasyon Etazini ba ou. 
  • Kenbe kopi dokiman imigrasyon enpòtan ou yo, tankou desizyon tribinal yo, aplikasyon yo, pèmi travay yo, dokiman idantifikasyon yo, ak lòt dosye ki gen rapò ak dosye imigrasyon ou. 

3. Preparasyon Finansye ak Lojman

  • Jere zafè finansye ou. Si sa posib, pran dispozisyon pou kont labank ou, pwopriyete ou, dèt ou, taks ou, ak lòt zafè finansye anvan ou kite Etazini. 
  • Si ou posede yon pwopriyete Ozetazini, reflechi sou si ou ap vann li, transfere li, oswa bay yon moun ou fè konfyans otorizasyon pou jere li pou ou. 
  • Chache konnen ki  kote ou pral rete ann Ayiti. Si sa posib, idantifye plis pase yon kote ou ta ka rete nan ka ou pa kapab retounen san danje nan kominote kote ou te rete anvan an. 
  • Fè reprezantan ou ak manm fanmi ou konnen kijan yo kapab kontakte ou ann Ayiti. 

4. Preparasyon pou Fanmi

  • Ranpli yon plan preparasyon pou fanmi an: ILRC – Family Preparedness Plan 
  • Pataje li avèk moun ki gen pwokirasyon (dwa siyati) ou a ak lòt manm fanmi ou fè konfyans. 
  • Kenbe tout dokiman enpòtan yo an sekirite epi fè kopi pou yon moun ou fè konfyans. 

Timoun ak Sitwayènte Ameriken

  • Si ou gen timoun ki fèt Ozetazini, kontakte konsila ayisyen an pou jwenn enfòmasyon sou  kijan ou ka anrejistre akdenesans yo epi jwenn dokiman ayisyen pou yo, lè sa nesesè. 
  • Timoun ki se sitwayen ameriken epi ki ap vwayaje an Ayiti ta dwe gen yon paspò ameriken ki valab. 
  • Si yon timoun ap vwayaje an Ayiti avèk yon sèl paran, verifye kondisyon ki an vigè yo epi konsidere jwenn yon lèt konsantman notarye (otorizasyon) nan men lòt paran an oswa dokiman ki pwouve kiyès ki gen gad legal timoun nan. 

Èske w ap vwayaje apa ak timoun ou yo?

  • Fè yon lèt otorizasyon pou moun k ap pran swen timoun nan pandan l ap vwayaje avèk li. 
  • Si timoun ou rete Ozetazini, fè yon pwokirasyon oswa yon lèt otorizasyon apwopriye pou pèmèt moun k ap pran swen li a pran swen li. 

5. Rasanble Lòt Dokiman

Pote orijinal yo ak plizyè kopi dokiman sa yo:

  • Akdenesas ayisyen oswa lòt dokiman idantite ayisyen. 
  • Paspò ayisyen, si ou genyen li. 
  • Sètifika Idantite/CIN, si ou genyen li. 
  • Dosye lekòl, diplòm ak sètifika pwofesyonèl. 
  • Batistè ak paspò ameriken pou timoun ki fèt Ozetazini. 
  • Dosye medikal ak medikaman. 
  • Sètifika maryaj, divòs, ak/oswa lanmò.
  • Dokiman imigrasyon ak dokiman legal. 
  • Dokiman enpòtan ki gen rapò ak finans, pwopriyete, asirans ak kont labank. 

Enpòtan: Si ou bezwen itilize dokiman ameriken ann Ayiti, verifye pwosedi ki nesesè pou otantifikasyon oswa legalizasyon dokiman sa yo anvan ou kite Etazini. Pa sipoze yon apostiy ap sifi.

6. Sa pou w Pote avèk Ou

  • Nimewo telefòn manm fanmi ou ak moun ou fè konfyans ann Ayiti ak Ozetazini. Aprann nimewo enpòtan yo pa kè epi kenbe yo ekri yon kote. 
  • Telefòn, chajè ak batri ekstèn (bakòp).
  • Yon adrès oswa yon moun pou kontakte an Ayiti kote ou prevwa rete. 
  • Dokiman idantifikasyon ayisyen ak kopi yo. 
  • Dokiman idantifikasyon ameriken ak dokiman imigrasyon enpòtan yo. 
  • Medikaman ak preskripsyon alekri. 
  • Enfòmasyon ak dosye medikal enpòtan. 
  • Dosye lekòl ak dokiman edikasyonèl enpòtan. 
  • Dokiman legal ak dokiman finansye enpòtan. 

Kenbe dokiman enpòtan ou yo ak medikaman ou yo avèk ou chak fwa sa posib.

7. Konsèy ak Avètisman

  • KONSÈY: Kenbe plizyè kopi dokiman ki pi enpòtan ou yo nan diferan kote epi, si sa posib, kenbe kopi dijital yo nan yon kote ki an sekirite. 
  • KONSÈY: Asire w yon moun ou fè konfyans Ozetazini gen kopi dokiman enpòtan ou yo epi li konnen kijan pou kontakte ou apre ou fin retounen. 
  • KONSÈY: Si ou pa gen yon paspò ayisyen oswa lòt dokiman idantite, kontakte konsila ayisyen an pi bonè posib. 
  • AVÈTISMAN: Pa peye okenn moun ki pwomèt pou jwenn dokiman idantite ayisyen pou ou atravè mwayen ki pa ofisyèl oswa fwod. 
  • RAPÈL: Konsilte yon pwofesyonèl imigrasyon ki kalifye anvan ou siyen dokiman otorite imigrasyon Etazini ba ou epi ou pa konprann yo. 
  • RAPÈL: Sitiyasyon an Ayiti ka chanje byen vit. Anvan ou kite Etazini, fè yon plan pou kote ou pral rete, kiyès k ap resevwa w, ak kiyès ou kapab kontakte si ou pa kapab retounen san danje nan kominote kote ou te rete anvan an. 
  • RAPÈL: Si ou gen enkyetid konsènan sekirite ou oswa ou kwè ou ka sibi gwo danje si yo retounen ou an Ayiti, chèche konsèy legal sou sitiyasyon ou anvan ou siyen dokiman oswa aksepte depòtasyon ou. 

Enpòtan pou Ayiti

Ayiti ap fè fas kounye a ak gwo ensekirite ak deplasman popilasyon. Si yo ap depòte ou oswa fòse ou retounen ann Ayiti, planifye davans kote ou pral rete, kiyès k ap resevwa ou, ak kiyès ki kapab ede ou apre ou rive. Ou ka pa kapab retounen san danje nan ansyen kay ou oswa nan kominote kote ou te rete a.

Lè w rive ann Ayiti

1. Konsèy jeneral pou sekirite

  • Pou rete an sekirite, fè konesans ak yon moun nan bis la oswa nan avyon an. Rete ansanm pou youn ka sipòte lòt.
  • Rete vijilan epi kalm. Swiv enstriksyon otorite ayewopò a, imigrasyon ak lòt otorite yo.
  • Evite atire atansyon ki pa nesesè sou tèt ou oswa montre bagay ki gen anpil valè.
  • Kenbe lajan ou, telefòn ou, dokiman idantifikasyon ou ak lòt bagay ki gen valè an sekirite epi avèk ou.
  • Kenbe enfòmasyon pou kontakte fanmi ou an Ayiti ak Ozetazini, ansanm ak dokiman ki pwouve idantite ou ak sitiyasyon depòtasyon ou, avèk ou, pa nan valiz ou.
  • Pa sèvi ak yon telefòn yon moun ou pa konnen ofri ou pou kontakte fanmi ou. Si ou bezwen fè yon apèl, mande yon òganizasyon ou fè konfyans, yon enstitisyon piblik oswa yon moun ou fè konfyans pou ede ou.
  • Kreye yon mo sekrè avèk manm fanmi ou pou yo kapab verifye si yon apèl oswa yon mesaj soti toutbon nan men ou, sitou si moun nan ap mande yo lajan oswa di yo ou an danje.
  • Si ou gen yon telefòn selilè, pataje kote ou ye a avèk moun ou fè konfyans pandan w ap vwayaje pou ale kote ou prale a.

2. Konsèy pou sekirite ann Ayiti

  • Sonje kondisyon sekirite yo ka varye anpil ant diferan zòn an Ayiti. Anvan ou kontinye vwayaj ou, verifye si li posib pou rive nan destinasyon ou an sekirite.
  • Evite vwayaje pou kont ou, lè sa posib, sitou si ou pa abitye avèk zòn nan.
  • Kenbe bagay ki gen anpil valè, tankou telefòn entèlijan ak gwo kantite lajan kach, kote moun pa ka wè yo.
  • Si ou bezwen transpò apre ou rive, sèvi avèk yon moun ou fè konfyans oswa yon sèvis transpò serye lè sa posib.
  • Si ou pa gen yon kote ki an sekirite pou rete oswa ou pa kapab retounen nan kominote kote ou te rete anvan an, mande yon òganizasyon k ap ede moun ki retounen oswa moun ki deplase yo sou asistans ak opsyon ki an sekirite ki disponib.

3. Resepsyon ak Asistans pou Moun ki Retounen

  • Si yo depòte ou oswa fòse ou retounen ann Ayiti, Office National de la Migration (ONM) ak lòt òganizasyon k ap ede moun ki retounen yo ka resevwa ou.
  • Moun ki retounen yo ka resevwa enfòmasyon ak oryantasyon, manje ak dlo, asistans medikal, sipò sikolojik ak sikososyal, ansanm ak asistans pou transpò pou kontinye vwayaj yo pou ale nan destinasyon yo.
  • Asistans ki disponib la ka varye selon kote ou ye a ak sikonstans retou ou.
  • Si ou bezwen asistans apre ou rive, mande ONM oswa òganizasyon k ap travay avèk moun ki retounen yo enfòmasyon sou sèvis ak referans ki disponib.
  • International Organization for Migration (IOM) ak patnè li yo ka bay moun ki retounen ki vilnerab asistans tou, tankou swen medikal, asistans sikososyal, lojman tanporè, transpò, pwoteksyon ak referans pou lòt sèvis.

4. Kòm sitwayen ayisyen: Idantifikasyon ak Dokiman

  • Kòm sitwayen ayisyen, ou gen dwa ak aksè ak sèvis ann Ayiti. Sepandan, pou jwenn sèvis gouvènman yo, ou ka bezwen sèten dokiman epi pwosesis yo ka pran tan.
  • Enpòtan: Enstitisyon gouvènman yo ak sèvis piblik yo ann Ayiti ka gen kapasite limite akòz pwoblèm sekirite ak defi enstitisyonèl k ap kontinye. Gen kèk pwosesis ki ka pran reta, pran plis tan pase sa ou te prevwa, oswa mande plizyè vizit. Kondisyon yo ak disponiblite sèvis yo ka varye tou selon kote ou ye a.
  • Si ou pa kapab jwenn yon sèvis gouvènman, mande yon òganizasyon ou fè konfyans k ap ede moun ki retounen yo oswa yon òganizasyon kominotè lokal pou jwenn enfòmasyon sou lòt opsyon oswa referans ki disponib.
  • Kenbe dokiman idantite ayisyen ou yo an sekirite. Si ou deja gen yon Carte d'Identification Nationale (CIN), kenbe li avèk ou epi fè kopi lè sa posib.
  • Office National d'Identification (ONI) responsab sistèm idantifikasyon nasyonal ayisyen an ak CIN nan. Pou jwenn yon biwo ONI ki toupre ou, tcheke: ONI – Office Locations
  • Sit entènèt prensipal: Office National d'Identification (ONI)
  • Si ou bezwen fè demann pou yon CIN oswa ranplase li, ou ka kòmanse pwosesis la atravè DELIDOC. Tcheke sit entènèt la pou kondisyon ak enstriksyon ki ajou: DELIDOC – CIN Application
  • Si ou pa gen Akdenesans ayisyen ou (extrait de naissance), kontakte Archives Nationales d'Haïti (ANH) pou mande enfòmasyon sou fason pou jwenn yon kopi.
  • Kenbe dokiman depòtasyon ou yo ak lòt dosye ki montre idantite ou ak sitiyasyon retou ou. Yo ka itil lè w ap mande asistans oswa lè w ap chèche jwenn sèvis.

5. Resevwa Lajan ann Ayiti

  • Manm fanmi ou oswa zanmi ou Ozetazini kapab voye lajan ba ou an Ayiti atravè sèvis transfè lajan komèsyal tankou Western Union ak lòt founisè ki disponib.
  • Selon founisè a ak disponiblite sèvis la, ou ka resevwa lajan an kach, nan kont labank oswa atravè sèvis lajan mobil.
  • Kondisyon pou resevwa lajan ka varye. Ou ka bezwen yon dokiman idantifikasyon ki valab ak enfòmasyon sou transfè a, tankou non moun ki voye lajan an ak nimewo tranzaksyon oswa nimewo swivi a.
  • Kenbe nimewo tranzaksyon an oswa enfòmasyon sou swivi transfè a an sekirite epi pa pataje li piblikman.
  • Fè atansyon ak nenpòt moun ki mande enfòmasyon sou transfè ou, dokiman idantifikasyon ou oswa lajan an echanj pou ede ou resevwa lajan an.

6. Si w bezwen plis asistans

  • Si ou bezwen èd pou dokiman idantite, transpò, lojman, swen medikal, sipò sikososyal oswa lòt bezwen ijan, mande ONM oswa yon òganizasyon k ap ede moun ki retounen yo sou sèvis ki disponib.
  • Òganizasyon ak enstitisyon ki nan resous sa a ka kapab bay asistans dirèkteman oswa refere ou bay yon lòt sèvis.
  • Si ou pa kapab retounen san danje nan kominote kote ou te rete anvan an, eksplike sitiyasyon ou bay òganizasyon k ap ede ou a epi mande enfòmasyon sou lojman ki an sekirite, transpò oswa lòt opsyon ki disponib.
  • Si w ap vwayaje avèk timoun, si ou separe ak manm fanmi ou, oswa si ou gen bezwen espesifik anrapò ak pwoteksyon, fè òganizasyon k ap ede ou a konnen sa pou yo kapab evalye bezwen ou epi ba ou yon referans ki apwopriye.

Resous

Asistans pou Migrasyon ak Moun ki Retounen

Office National de la Migration (ONM)

ONM se enstitisyon gouvènman ayisyen ki responsab kesyon migrasyon yo epi ki bay migran ak moun ki retounen yo asistans ak oryantasyon.

ONM gen biwo depatmantal tou nan Belladère, Ouanaminthe, Anse-à-Pitres, Malpasse, Cap-Haïtien, Port-de-Paix, Les Cayes, ak Saint-Marc. Tcheke sit entènèt ONM pou jwenn biwo ki pi pre ou.

International Organization for Migration (IOM)

IOM travay ansanm ak gouvènman ayisyen an ak patnè li yo pou bay migran, moun ki deplase andedan peyi a, ak moun ki retounen ki nan sitiyasyon vilnerab asistans.

  • Adrès: Rue E. Pierre, #11, Tabarre 27, Port-au-Prince, Haiti
  • Telefòn: +509 2947-7746
  • Imèl:oim_pap@iom.int
  • Sit entènèt:IOM Haiti

IOM gen prezans tou nan Cap-Haïtien, Ouanaminthe, ak Belladère.

Pwoteksyon ak Asistans Imanitè

United Nations High Commissioner for Refugees (UNHCR)

UNHCR bay pwoteksyon ak asistans pou moun ki afekte pa deplasman ak lòt pwoblèm ki gen rapò ak pwoteksyon.

Si ou gen pwoblèm sekirite oswa pwoteksyon, oswa si ou bezwen yo refere ou bay sèvis imanitè, mande yon òganizasyon k ap ede moun ki retounen yo enfòmasyon sou sèvis ki disponib yo.

Ajans Nasyonzini nan Ayiti

Plizyè ajans Nasyonzini bay asistans imanitè ak lòt kalite asistans ann Ayiti. Sèvis yo ak disponiblite yo ka varye selon kote ou ye ak bezwen ou genyen.

  • UNDP: 14, Rue Reimbold, Bourdon, Port-au-Prince

Telefòn: +509 2814-0260 rive +509 2814-0264

  • UNICEF: 17, Armand Holly, Debussy, Port-au-Prince

Telefòn: +509 2812-3001

  • WFP: Juvénat 7, Pétion-Ville

Telefòn: +8816 4143 8486

  • UNFPA: 352, Avenue John Brown, Bourdon, Port-au-Prince

Telefòn: +509 2815-6000

Pou jwenn enfòmasyon ki ajou sou ajans Nasyonzini yo ak sèvis yo ann Ayiti: United Nations in Haiti – Contact Us

Sante Mantal ak Sipò Sikososyal

Moun ki retounen yo ki bezwen sipò sikolojik oswa sikososyal ka mande ONM, IOM, oswa òganizasyon k ap ede moun ki retounen yo enfòmasyon sou sèvis ki disponib ak posiblite pou yo jwenn referans.

  • Association Haïtienne de Psychologie
  • Adrès: 218 Ave Jean-Paul II, Port-au-Prince, Haiti
  • Telefòn: +509 2919-9000

Sèvis yo ak disponiblite yo ka varye. Kontakte òganizasyon an anvan ou deplase pou verifye si sèvis yo disponib.

Manje ak Bezwen Debaz

Si ou bezwen manje, dlo, oswa lòt asistans debaz apre ou rive, mande ONM, IOM, oswa yon òganizasyon k ap ede moun ki retounen yo enfòmasyon sou sèvis ak referans ki disponib.

Òganizasyon imanitè yo ak ajans Nasyonzini yo ka bay asistans selon kote ou ye ak bezwen ou genyen nan moman an.

Travay

Travay nan ONG ak òganizasyon entènasyonal

Sit entènèt sa yo pibliye opòtinite travay. Li enpòtan pou tcheke yo regilyèman paske pòs ki disponib yo ak dat limit pou aplike yo ka chanje.

Lojman

Habitat for Humanity Haiti

Habitat for Humanity travay ak kominote yo nan konstriksyon ak amelyorasyon lojman. Pwogram li yo pa nesesèman fèt pou bay moun ki fèk retounen apre depòtasyon yon abri ijans imedyat.

Pou jwenn yon abri imedyat oswa yon kote pou rete nan ka ijans, kontakte ONM, IOM, oswa yon òganizasyon k ap ede moun ki retounen yo pou jwenn enfòmasyon sou opsyon ki disponib yo.

Retounen Ozetazini apre depòtasyon

Apre depòtasyon, ou ka gen kèk posiblite pou retounen Ozetazini alavni. Si ou kalifye oswa non depann de istwa imigrasyon ou ak sikonstans depòtasyon oswa ekspilsyon ou.

  • Gid pou evalyasyon apre depòtasyon: Gid sa a bay enfòmasyon jeneral pou moun ki te depòte epi ki vle konnen si yo ka gen posiblite pou retounen Ozetazini. Li pale sou viza imigran ak viza ki pa imigran, dispans, demann pou relouvri oswa re-egzamine yon dosye, ak lòt posiblite. A Guide to Access Eligibility to Returning to the United States After Deportation
  • Enpòtan: Gid sa a pa bay konsèy legal. Anvan ou fè yon demann pou retounen Ozetazini, konsidere pale ak yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan legal ki kalifye.

Anbasad Etazini ann Ayiti

Pou jwenn enfòmasyon sou sèvis viza Etazini ak lòt sèvis konsilè, tcheke sit entènèt ofisyèl Anbasad Etazini an:

Enpòtan: Sèvis viza ann Ayiti ka sijè a restriksyon ki an vigè. Tcheke sit entènèt ofisyèl Depatman Deta Etazini pou jwenn enfòmasyon ki pi resan anvan ou fè aranjman pou vwayaj oswa pran yon randevou.

Demann pou Viza Etazini

Si ou kalifye pou aplike pou yon viza Etazini, suiv enstriksyon ki koresponn ak kalite viza ou vle mande a.

Fòm I-601 – Dispans pou kèk rezon ki ka anpeche admisyon

Si ou bezwen yon dispans epi si ou kalifye pou li depann de sikonstans ka ou.

Fòm I-212 – Pèmisyon pou mande admisyon ankò apre depòtasyon oswa ekspilsyon

Si ou bezwen Fòm I-212 depann de sikonstans depòtasyon oswa ekspilsyon ou ak istwa imigrasyon ou.

Enpòtan pou moun k ap aplike pou viza imigran

Anbasad Etazini nan Nassau, Bahamas, te deziyen pou bay sèvis viza imigran pou moun ki abite ann Ayiti. Moun k ap aplike yo ta dwe li enstriksyon ki ajou yo anvan yo fè aranjman pou vwayaj.

Enpòtan: Pwosedi pou viza, kote yo trete demann yo, ak kondisyon yo ka chanje. Toujou tcheke sit entènèt ofisyèl Depatman Deta Etazini ak Anbasad Etazini yo pou jwenn enstriksyon ki ajou anvan ou fè demann pou yon viza oswa vwayaje pou yon randevou.